Ma vision pour Lazil
Un message porté en kreyòl, en français, en anglais et en espagnol — pour Lazil, pour Haïti et pour sa diaspora.
Lazil se tè ki ban mwen lavi. Se la kòd lonbrik mwen antere. Se yon komin mwen pote nan kè m chak jou, paske mwen konnen fòs li, richès li, men mwen konnen doulè ak feblès li tou. Pandan twòp tan, Lazil tonbe anba men politisyen bouch dous ki pa janm regle anyen pou zòn nan.
L'Asile est la terre qui m'a donné la vie. C'est là qu'est enterré mon cordon ombilical. C'est une commune que je porte dans mon cœur chaque jour, parce que j'en connais la force, la richesse, mais aussi la douleur et les faiblesses. Trop longtemps, L'Asile est tombée entre les mains de politiciens à belles paroles qui n'ont jamais rien réglé pour la région.
L'Asile is the land that gave me life. It is there that my umbilical cord is buried. It is a commune I carry in my heart every day, because I know its strength, its richness, but also its pain and weaknesses. For too long, L'Asile has fallen into the hands of sweet-talking politicians who never resolved anything for the region.
L'Asile es la tierra que me dio la vida. Allí está enterrado mi cordón umbilical. Es una comunidad que llevo en mi corazón cada día, porque conozco su fortaleza, su riqueza, pero también su dolor y debilidades. Durante demasiado tiempo, L'Asile ha caído en manos de políticos de buen discurso que nunca resolvieron nada para la región.
Sitiyasyon aktyèl Lazil
Situation actuelle de L'Asile
Current situation of L'Asile
Situación actual de L'Asile
Mwen vle sèvi ak eksperyans mwen, relasyon entènasyonal mwen ak konpetans mwen pou ede Lazil jwenn plis opòtinite, plis patenarya ak plis konsiderasyon nan devlopman peyi a. Mwen kwè jèn yo pa dwe kontinye ap grandi san espwa. Mwen kwè fanm yo dwe jwenn plis sipò ak plis plas nan devlopman komin nan.
Je veux utiliser mon expérience, mes relations internationales et mes compétences pour aider L'Asile à obtenir plus d'opportunités, plus de partenariats et plus de considération dans le développement du pays. Je crois que les jeunes ne doivent plus grandir sans espoir. Je crois que les femmes doivent avoir plus de soutien et de place dans le développement de la commune.
I want to use my experience, international connections and competence to help L'Asile gain more opportunities, partnerships and recognition in the country's development. I believe young people should no longer grow up without hope. I believe women deserve more support and a greater role in the commune's development.
Quiero utilizar mi experiencia, relaciones internacionales y competencias para ayudar a L'Asile a obtener más oportunidades, alianzas y reconocimiento en el desarrollo del país. Creo que los jóvenes no deben seguir creciendo sin esperanza. Creo que las mujeres merecen más apoyo y mayor participación en el desarrollo de la comunidad.
Vizyon mwen pou Ayiti
Vizyon mwen pou Ayiti chita sou yon konviksyon byen senp: nou pa ka bati yon nouvo peyi ak ansyen fòmil ki deja echwe yo. Peyi a bezwen yon lòt kalite lidèchip, yon lidèchip ki baze sou konpetans, sou sèvis, sou etik, sou patriyotism ak sou respè pou diyite moun.
Mwen kwè devlopman pa kapab fèt san kesyon sante a. Yon pèp ki malad pa ka pwodui. Yon timoun ki pa an sante pa ka aprann. Yon fanmi ki pa jwenn pwoteksyon sosyal pa ka viv nan diyite. Se poutèt sa, sante piblik, prevansyon, pwoteksyon sosyal, sante fanm ak timoun, ak ranfòsman sistèm sante a se poto mitan vizyon mwen.
Mwen kwè tou devlopman peyi a paka fèt sèlman nan Pòtoprens. Li dwe fèt nan depatman yo, nan komin yo, nan seksyon kominal yo. Ayiti genyen 2 gwo richès nou pa ka kontinye neglije: jèn yo ak fanm yo. Jèn yo pa sèlman avni peyi a, yo se yon fòs entelektyèl, teknik ak sosyal ki kapab transfòme Ayiti si yo jwenn opòtinite, fòmasyon ak sipò.
Ma vision pour Haïti
Ma vision pour Haïti repose sur une conviction simple : on ne peut pas construire un nouveau pays avec les vieilles formules qui ont déjà échoué. Le pays a besoin d'un autre type de leadership, un leadership basé sur la compétence, le service, l'éthique, le patriotisme et le respect de la dignité humaine.
Je crois que le développement ne peut se faire sans la question de la santé. Un peuple malade ne peut pas produire. Un enfant en mauvaise santé ne peut pas apprendre. Une famille sans protection sociale ne peut pas vivre dans la dignité. C'est pourquoi la santé publique, la prévention, la protection sociale, la santé des femmes et des enfants, et le renforcement du système de santé sont au cœur de ma vision.
Je crois aussi que le développement du pays ne peut se faire uniquement à Port-au-Prince. Il doit se faire dans les départements, les communes, les sections communales. Haïti possède deux grandes richesses qu'on ne peut plus négliger : les jeunes et les femmes. Les jeunes ne sont pas seulement l'avenir du pays, ils sont une force intellectuelle, technique et sociale capable de transformer Haïti s'ils obtiennent opportunités, formation et soutien.
My vision for Haiti
My vision for Haiti rests on a simple conviction: we cannot build a new country with the old formulas that have already failed. The country needs a different kind of leadership — one based on competence, service, ethics, patriotism, and respect for human dignity.
I believe development cannot happen without addressing health. A sick people cannot produce. An unhealthy child cannot learn. A family without social protection cannot live in dignity. That is why public health, prevention, social protection, women's and children's health, and health system strengthening are at the heart of my vision.
I also believe that the country's development cannot happen only in Port-au-Prince. It must happen in the departments, communes, and communal sections. Haiti has two great resources we can no longer neglect: youth and women. Young people are not only the future of the country; they are an intellectual, technical and social force capable of transforming Haiti if given opportunities, training and support.
Mi visión para Haití
Mi visión para Haití se basa en una convicción simple: no podemos construir un nuevo país con las viejas fórmulas que ya fracasaron. El país necesita un tipo diferente de liderazgo, basado en competencia, servicio, ética, patriotismo y respeto por la dignidad humana.
Creo que el desarrollo no puede ocurrir sin abordar la salud. Un pueblo enfermo no puede producir. Un niño sin salud no puede aprender. Una familia sin protección social no puede vivir con dignidad. Por eso la salud pública, la prevención, la protección social, la salud de mujeres y niños, y el fortalecimiento del sistema de salud son el núcleo de mi visión.
También creo que el desarrollo del país no puede ocurrir solo en Puerto Príncipe. Debe ocurrir en los departamentos, comunas y secciones comunales. Haití tiene dos grandes riquezas que no podemos seguir descuidando: la juventud y las mujeres. Los jóvenes no son solo el futuro del país; son una fuerza intelectual, técnica y social capaz de transformar Haití si se les brindan oportunidades, formación y apoyo.
